Accessibility links

Breaking News

Inogirasyon yon Nouvo Lokal Tanporè pou Palmantè Ayisyen yo


Gouvènman ameriken an finanse konstriksyon yon lokal pou loje palmantè ayisyen yo tanporèman, yon lokal yo inogure nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Seremoni inogirasyon an te dewoule an prezans plizyè gwo pèsonalite ayisyen, pami yo anbasadè Lèzetazini an ann Ayiti. Jounalis Lavwadlamerik, Jean Robert Philippe, di anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, deklare li espere nouvo lokal la pral pèmèt palmantè fè travay yo pi byen toujou.

Nouvo lokal palmantè ayisyen yo pi byen ekipe e l ap pèmèt reprezantan popilasyon an ranpli misyon l kòmsadwa. Anbasadè ameriken an ann Ayiti Kenneth Merten , ki te pran lapawòl nan sikonstans la, di konstriksyon enstalasyon lejislatif la antre nan kad pwomès Etazini te fè Ayiti apre tranblemanntè 12 Janvye 2010 la , kote 2 palmantè ak plis pase 30 manb enstitisyon an te pèdi lavi yo. Anbasadè Kenneth Merten di pwojè a koute kontribyab ameriken yo 1 milyon 900 mil dola.

Bò kote pa l Premye Minis ayisyen an Gary Conille remèsye Etazini pou asistans li bay nasyon karayib la nan sans sa a, e li te pwofite okazyon an pou l anonse plan gouvènman an ak pouvwa ekzekitif la pou rebati kèk pami enstitisyon leta ki te detwi pandan kokenn katastwof natirèl 2010 la.

Prezidan Sena a, Rudolph Joazil, ki salye inisyativ gouvènman ameriken an, pat mete dlo nan bouch li pou l kritike otorite ayisyen yo. Mesye Jacynthe di konstriksyon edifis la, menm si l pwovizwa, pa ta dwe chita sou zèv yon gouvènman etranje.

Anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, anonse tou Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la, USAID, mete sou pye yon seri pwogram pou bay palamntè ayisyen yo tout apui yo ta bezwen. Pami pwogram sa yo responsab la site reyalizasyon yon sit entènèt, yon pwogram televizyon ak radio, dekwa pou pèmèt elektè yo konprann pi klèman travay reprezantan yo ap fè nan non yo andedan enstitisyon lejislatif la.

XS
SM
MD
LG