Accessibility links

Breaking News

Politik USA/Demokrat yo Ap Avanse Ak Pwosesis ki ka Debouche sou Jijman Prezidan Trump


Prezidan Komisyon Afè Jidisyè nan Chanm Depite a, Jerrold Nadler (D-NY, a goch) ak pi gwo manm repibliken an Doug Collins (R-GA) ki t ap tande depozisyon espesyalis sou pwosesis jijman Prezidan Trump la.
Prezidan Komisyon Afè Jidisyè nan Chanm Depite a, Jerrold Nadler (D-NY, a goch) ak pi gwo manm repibliken an Doug Collins (R-GA) ki t ap tande depozisyon espesyalis sou pwosesis jijman Prezidan Trump la.

Ozetazini, prensipal lidè pati demokrat la nan Kongrè a genyen pou yo anonse, nan matine jounen madi 10 desanm 2019 la, diferan "chèf d'akizasyon" yo retni kont Prezidan Donald Trump aprè ankèt Chanm Depite te mennen pou konnen si lidè ameriken an vyole konstitisyon an e, si wi, èske li merite jije e revoke pou sa.

Palmantè demokrat yo ap fè anons la nan yon konferans pou laprès yo pral bay nan Kongrè a. Prezidan plizyè komisyon nan La chanm nan (Afè Jiridik, Sèvis Sekrè, Afè Etranjè, Finans ak Sipèvizyon Aksyon Federal yo) yo tout genyen pou yo patisipe nan konferans pou laprès sa a kote yo va presize ki pwochen etap yo pral fanchi avèk pwosesis jijman prezidan Trump la.

Pwosesis la rive nan faz sa a aprè Komisyon Afè Jiridik la te mete fen, nan dat lendi 9 desanm nan, nan seri depozisyon ki t ap fèt sou dosye a. Prezidan Komisyon Afè Jiridik la, depite demokrat Eta New York, Jerry Nadler, te deklare nan okazyon an:

"Efò Prezidan Trump te fè pou l fè magouy dekwa pou l ranpòte pwochen eleksyon prezidansyèl la, se yon aksyon ki menase sekirite nasyonal Lèzetazini.”

Foto sa a montre kèk manm Komisyon Afè Jidisyè a nan Chanm Depite ameriken an pandan dewoulman seyans depozisyon avoka 2 pati yo lendi 9 desanm 2019 la.
Foto sa a montre kèk manm Komisyon Afè Jidisyè a nan Chanm Depite ameriken an pandan dewoulman seyans depozisyon avoka 2 pati yo lendi 9 desanm 2019 la.

Aprè yon vòt kote depite yo pral deside si, wi ou non, Misye Trump koupab e aksyon li yo fè li merite revokasyon, dosye a prale devan Sena a ki va genyen pou l fè yon chwa: swa li vote pou kore desizyon Chanm Bas la (sètadi senatè yo va di "wi", prezidan an koupab e li merite revoke); oubyen senatè yo va di, menm si prezidan an vyole konstitisyon an, aksyon ilegal li poze yo pa grav ase pou l merite pèdi pouvwa a.

Pou Sèvis Kreyòl Lvwadlamerik la pwojte plis limyè sou faz sa a nan pwosesis la, nou pran kontak avèk avoka ameriken Phillip Berns ki genyen kabinè li nan vil Stamford, nan Eta Konektikit.

please wait

No media source currently available

0:00 0:03:53 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande eksplikasyon Mèt Phillip Berns sou pwosesis “impeachment” la nan faz kote li rive jodi a.

XS
SM
MD
LG