Accessibility links

Breaking News

Etazini Imigrasyon: Nan 18 Mwa TPS Pral Fini - Pwoblèm pou Anviwon 300 Mil Etranje

Manifestan ki te rasanble tou prè lokal Kongrè Lèzetazini an pou yo mande depite yo ak senatè yo vote yon lwa pou yo prezève TPS ak DACA. (Washington, D.C., 6 desanm 2017 - Foto: Achiv).
Manifestan ki te rasanble tou prè lokal Kongrè Lèzetazini an pou yo mande depite yo ak senatè yo vote yon lwa pou yo prezève TPS ak DACA. (Washington, D.C., 6 desanm 2017 - Foto: Achiv).

Nan 18 pwochen kap vini yo anviwon 310 mil moun k ap viv Ozetazini byen kapab pèdi dwa sejou ak travay legal yo pandan gouvènman Trump la ap elimine TPS ou pèmi Sèvis Imigrasyon ameriken (USCIS) te bay sitwayen anpil peyi pou rezon imanitè, paske konsekans lagè ak dezas natirèl te gen sou popilasyon peyi sa yo amelyore, daprè otorite ameriken yo. Anfèt, otorite ameriken yo pa fin konnen byen ki kote benefisyè TPS yo prale lè stati yo va bout nan 18 mwa. Nan yon espas tou kout yon kantite san parèy moun pral pèdi pèmi legal yo te resevwa pou yo viv Ozetazini. Men ni otorite federal yo, ni avoka yo, ni militan yo pa konnen kisa ki pral rive apre.

Sèvis Ameriken pou Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) -swa ajans federal k ap jere TPS la- deklare li pa chache konnen kisa ki rive ansyen benefisyè TPS yo; alòs li pa genyen a la dispozisyon li done ki nesesè pou l prevwa kisa k pral pase lè plis ke 300 mil lòt moun va pèdi privilèj sa a.

Yon gwoup timoun, pitit imigran aysiyen, ki te kanpe bò kote drapo Ayiti ak Lèzetazini pandan yo t ap pwoteste pou yo mande otorite imigrasyon ameriken yo pwoteje TPS pou peyi Amerik Santral yo ak Ayiti. (Foto achiv: Konferans pou laprès nan Miami, 6 novanm 2017).

TPS pa bay okenn etranje stati rezidan; sa vle di moun ki benefisye pèmi sejou ak travay li bay la, pa sou wout pou yo vin rezidan oubyen sitwayen ameriken. Tankou non an di sa a, TPS se yon pèmi tanporè yn etranje jwenn pou li rete Ozetazini paske peyi li ap travèse yon kriz. Royce B. Murray, direktris politik nan Konsèy pou Imigrasyon Ameriken, di si w ajoute benefisyè TPS yo sou kantite jenn imigran ki te antre Ozetazini ak paran yo ilegalman pandan yo te piti (DACA), total la bay yon milyon moun k ap viv san pwoblèm nan peyi a kounye a e ki ka pèdi stati yo toudenkou. Mme Murray di:

<< Lè yon gouvènman itilize "sekirite nasyonal" kòm baz pou restriksyon kont imigran -kit se yon baz imanitè, kit se yon lòt baz- li ka pa janm jwenn tras yon milyon moun sa yo ki pral pèdi stati yo. Kiyès ki benefisye lè nou elimine kapasite yon moun pou l pote tèt li vini? Pou l di kiyès li ye e ki kote l ap viv? Nou dwe poze kesyon pou n mande tèt nou: "Ki kote tèl ou tèl moun ou gwoup moun nan popilasyon an ap viv e eske kèk nan yo poze yon menas pou sekirite popilasyon an ou sekirite nasyonal nou?" >>

Imigran ki t ap pwoteste devan Kongrè ameriken an pou yo mande Sèvis Imigrasyon Lèzetazini an (USCIS) pran yon lwa pou kite jenn imigran ki te antre nan peyi a tou piti ak papa/manman yo rete viv, etidye e travav san pè, san krent Ozetazini. (Foto: 6 desanm 2017 -REUTERS/Yuri Gripas).

Bò kote pa l, David North, yon espesyalis ki ekri pou Sant d’Etid pou Kesyon Imigrasyon, atire atansyon sou le fèt ke 2 peyi ki bay pi gwo kantite benfisyè TPS yo (Salvador ak Ondiras) te gen mwens kandida pou TPS an 2014 ak 2015, ane kote chif la te anrejistre yon bès 29 pousan ak 42 pousan, konpare ak sa chif yo te ye nan ane 2001 ak 2003. Misye North poze kesyon pou l mande:

<< Kisa ki eksplike plonje a-pik sa a? >>

... epi li reponn pou l di: "se youn nan rezon sa yo: chajman stati ki pèmèt yon imigran jwenn yon pi bon deal ke TPS la; se deplase al viv nan yon lòt peyi…. se retounen lakay ou... se petèt lanmò tou... oubyen anfen benefisyè TPS la ka kite dokiman an fin echi epi li antre nan mawon, nan kache pou imigrasyon; kidonk, li pa pran kontak ak otorite yo menm lè li te elijib pou renouvle TPS la. E David North fini pa di:

<< Ou pa janm konnen: Sèvis Imigrasyon byen kapab gen pou l fè fas ak yon sitiyasyon konsa tou apre 18 mwa, lè TPS la va echi pou tout moun: enposiblite pou l konnen ki kote imigran yo ye pou youn nan rezon mwen sòt site la yo. >>

XS
SM
MD
LG