Accessibility links

Breaking News

Politik Imigrasyon Gouvènman Trump la Kontinye Provoke Pwotestasyon.

Militan imigrasyon ki te gen nanmen yo pannkat ki denonse separasyon manm fanmi yo pandan yon mach yo te òganize pou yo pwoteste kont politik imigrasyon Administrasyon Trump la, andeyò La Mezon Blanch nan Washington samdi 30 jen 2018 la.

Yo te plizyè milye ki t ap manifeste nan Washington e nan lòt vil Ozetazini nan weekend nan pou yo denonse politik separasyon timoun ak paran yo ke Administrasyon Trump ap aplike sou fwontyè amerikano-meksiken an. Manifestan yo mande eliminasyon politik zero tolerans sa a ki pèmèt otorite yo konsidere kòm kriminèl (moun ki vyole lalwa) tout imigran ki antre ilegalman nan peyi a.

Politik zero tolerans la, ki te antre an aplikasyon nan mwa d Avril pase a, separe plis pase 2500 timoun ak paran yo. Nan dat 20 jen pase a Prezidan Trump te pran yon dekrè pou li ranvèse politik sa a. Apre sa, yon jij federal ta pral mande administrasyon an sispann kenbe nan detansyon timoun yo ak paran yo e li te fikse yon delè ant 14 a 30 jou pou otorite imigrasyon ak lajistis reyini timoun ki deja separe ak fanmi yo.

Manifestan ki te gen nan men yo pannkat ki di: >, (Los Angeles 30 jen 2018).
Manifestan ki te gen nan men yo pannkat ki di: >, (Los Angeles 30 jen 2018).

Sa pa gen lontan Minis Jistis ameriken an, Jeff Sessions, te deklare "yon kriz egziste sou fwontyè a" e li nesesè pou responsab lajistis yo fè konparèt devan tribinal tout imigran ki travèse fwontyè a ilegalman.

Daprè Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an, gen plis pase 2000 timoun ki toujou separe ak papa yo e ak manman yo. Otorite yo nan Administrasyon Trump la di plizyè fwa gouvènman an konnen ki kote Sèvis Imigrasyon plase tout timoun ki separe ak fanmi yo, menm si avoka ak militan konteste deklarasyon sa a.

XS
SM
MD
LG