Accessibility links

Breaking News

Etazini Imigrasyon - Palmantè yo Prezante yon Nouvo Tèm Deba nan Chanm Reprezantan an


Lokal Kongrè Lèzetazini an.
Lokal Kongrè Lèzetazini an.

7 Repibliken nan Chanm Reprezantan Etazini an siyen yon petisyon, jedi 10 Me 2018 la, pou pral parèt ansanm avèk Rezolisyon H.Res 774 la; aksyon sa a ap pèmèt yon gwo deba sou imigrasyon dewoule nan chanm nan. 7 Depite yo se: Carlos Curbelo, Mario Diaz Balart ak Ileana Ross-Lehtinen, ki reprezante Eta Florid, Jeff Denham ak David Valadao ki reprezante Eta Kalifòni, Will Hurd pou Eta Texas, ak Mia Love, ki gen orijin ayisyen e ki reprezante Eta Utah.

Imigran ki t ap maniteste devan Kongrè ameriken an pou yo mande otorite imigrasyon Lèzetazini yo pwoteje DACA, swa yon pwogram ki pèmèt jenn imigran san papye viv, travay e etidye Ozetazini san pè depòtasyon. (Foto Achiv/6 desanm 2017)
Imigran ki t ap maniteste devan Kongrè ameriken an pou yo mande otorite imigrasyon Lèzetazini yo pwoteje DACA, swa yon pwogram ki pèmèt jenn imigran san papye viv, travay e etidye Ozetazini san pè depòtasyon. (Foto Achiv/6 desanm 2017)

Depite yo ap soumèt Rezolisyon sa a devan Chanm Reprezantan an; li pral pèmèt yo vote sou yon pwopozisyon-lwa ki gen patwonaj Depite Bob Goodlatte, Reprezantan Eta Virjini. Lejislasyon sa a jwenn apui konsèvatè yo e li ale pi lwen pase pozisyon Mezon Blanch sou kesyon-an. Aksyon an ap pèmèt depite yo vote sou pwopozisyon-lwa a ke Depite Lucille Roybal-Allard, Paul Ryan ak Denham. Aksyon sa a pral pwovoke anpil deba lib nan mitan yon ane eleksyon.

XS
SM
MD
LG