Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Depòtasyon Otomatik Tout Imigran Ilegal san Jijman

Prezidan Donald Trump ki t ap koute pandan yon rankont sou imigrasyon. Li te genyen bò kote li manm fanmi moun ki te viktim krim imigran ilegal komèt Ozetazini. (Oditoryòm Sid Mezon Blanch la, 22 jen 2018 la, nan Washington).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, di otorite imigrasyon yo ta dwe depòte moun k ap antre ilegalman Ozetazini "san dizon yon jij ni pase pa yon tribinal." Nan yon twit lidè ameriken an pibliye dimanch, li di sitiyasyon imigrasyon an jan li prezante jounen jodi a se yon envazyon e "sistèm nou an reprezante yon maskarad pou bon jan imigrasyon, bon lwa ak bon lòd."

Prezidan Trump di se nan lemond antye "y ap pase politik imigrasyon nou an nan betiz e politik sa a pa jis anvè moun ki pase pa sistèm legal la e k ap tann tou yo rive depi lontan." Sendika Libète Sivil Ameriken an di sistèm Prezidan an vle mete an plas la pa an akò ak pwoteksyon Konstitisyon an bay.

XS
SM
MD
LG