Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Repete Menas pou L Fèmen Gouvènman an Pou l Fòse Refòm nan Sistèm Imigrasyon an


Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan La Mezon Blanch sou dosye imigrasyon an nan jounen lendi 30 jiyè 2018 la nan Washington, DC.
Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan La Mezon Blanch sou dosye imigrasyon an nan jounen lendi 30 jiyè 2018 la nan Washington, DC.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare madi 31 jiyè 2018 la, si gouvènmn federal la fèmen, se t ap yon ti pri pou sitwayen yo peye pou yo fòse Kongrè a apwouve kontwòl ki pi solid nan domèn imigrasyon an. M. Trump di: " Mwen pa bezwen konnen ki konsekans politik sa kapab genyen... "

Prezidan Trump, ki t ap ekri sou kont Twitter li, fè konnen: "Ki mele m ak konsekans politik yo. Lwa imigrasyon nou yo ak sekirite fwontyè nou yo se yon veritab dezas depi plizyè dizèn ane; e pa gen oken mwayen pou n fòse Demokrat yo aksepte yon solisyon pou sitiyasyon an, eksepte si gouvènman an fèmen."

M. Trump ajoute: "Sekirite fwontyè nou se sekirite nasyonal nou. Sekirite nasyonal se garanti ki nesesè pou peyi nou an kontinye ekziste a lon-tèm. Yon fèmti gouvènman an ka debouche sou "yon Etazini ki gen sekirite ak pwosperite." .

Manifestasyon ki t ap dewoule nan kapital Lèzetazini an kont politik administrasyon Trump la sou dosye imigrasyon an (Foto: REUTERS/Joshua Roberts -Washington, D.C., 30 jen 2018).
Manifestasyon ki t ap dewoule nan kapital Lèzetazini an kont politik administrasyon Trump la sou dosye imigrasyon an (Foto: REUTERS/Joshua Roberts -Washington, D.C., 30 jen 2018).

Se 3èm jou youn apre lòt kote Prezidan Trump fè presyon sou Kongrè a pou l apwouve alokasyon lajan pou konsttiksyon yon miray sou fwontyè ant Lèzetazini ak Peyi Meksik ki, daprè li, kapab bloke imigrasyon ilegal. Sepandan, pandan 2 fwa nan mwa jen an, divizyon ki genyen nan mitan blòk repibliken majoritè a nan Chanm Depite a, mete sou yon opozisyon solid bò kote Demokrat yo, te rejte tout refòm nan sistèm imigrasyon an ke Prezidan Trump apiye -pami demand prezidan an palmantè yo refize, gen yon sòm 25 milya dola pou konstriksyon miray la.

XS
SM
MD
LG