Accessibility links

Breaking News

Dosye Imigran Ilegal sou Fwontyè Amerikano-Meksiken an Domine Atyalite a

Manifestan ki t ap pwoteste samdi 23 jen 2018 la. Yo te kanpe devan yon sant ki trete dosye imigran nan vil McAllen, nan Eta Tekzas, e yo te bloke deplasman yon otobis ki t ap transpòte timoun Sèvis Imigransyon te separe avèk fanmi yo, nan vil McAllen, nan Eta Tekzas, tou pre fwontyè amerikano-meksiken an. (Foto: 23 jen 2018).

Militan k ap defann dwa ayisyen ak imigran Ozetazini apiye apèl ki pral jwenn Prezidan Donald Trump pou mande l mete fen nan separasyon timoun imigran ak paran yo ki rive ilegalman sou fwontyè peyi a avèk Meksik; an menm tan tou, yo mande Kongrè a ak adminis-trasyon Trump la travay pou yo jwenn yon solisyon pèmanan pou sitiyasyon anviwon 300 mil imigran ki anba menas pou yo vin ilegal nan peyi a akoz desizyon gouvènman federal la pran pou l mete fen nan Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS).

Nan yon atik Jacqueline Charles ekri e ki ki parèt nan jounal Miami Herald, li lanse yon apèl kote li raple, pandan 12 mwa ki pase yo, Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an anonse li pral anile TPS la ki ofri pwoteksyon kont depòtasyon pou imigran 6 peyi -Soudan, Nikaragwa, Ayiti, Nepal, Salvadò avèk Ondiras- nan moman Prezidan Trump ap fè presyon pou l mete an aplikasyon yon politik imigrasyon ki menase anpil imigran.

Prezidan Donald Trump ki t ap pale de imigrasyon. Li te gen bò kote li manm fanmi moun ki viktim krim imjigran ilegal komèt. (Pelouz sid Mezon Blanch la. (Foto: AP/Evan Vucci), vandredi 22 jen 2018 la, nan Washington

Sa pa gen lontan --aprè plizyè vwa te leve atravè Lèzetazini pou denonse yon politik zewo tolerans Prezidan Trump tap aplike e ki te mache ak separasyon fanmi-- lidè ameriken an te siyen yon dekrè ki pote yon fen nan politik sa a. Malgre sa, vè vandredi 22 jen 2018 la, anviwon 2 mil 300 timoun ki separe ak paran yo t ap viv nan azil ak mezon parenaj atravè tout peyi a, tankou nan pati sid Eta Florid kote militan yo òganize manifestasyon pou yo denonse tretman ti imigran yo resevwa aprè reprezantan Eta a nan Kongrè a te vizite yon enstalasyon kote yo mete ti moun sa yo.

Timoun ak manm fanmi yo ki t ap kouri pou vyolans nan peyi Meksik. Sou foto sa a gwoup la te pran direksyon Lèzetazini pou yo t al reponn kesyon lajan Ladwann ak Sèvis Imigrasyn kot e yo ta pral mande azil politik. (Foto: vil Juarez, Meksik, 23 jen 20 , 2018.

Militan yo di yo konsidere sitiyasyon sa a menm jan ak desizyonn otorite ameriken yo pran pou yo mete fen nan TPS la. Marleine Bastien se youn nan militan sa yo e direktris Fanm Ayisyèn nan Miami; li fè konnen: “Lè nou gade sa k ap pase sou fwontyè a, sa fè nou wè kijan sa pral pase” pou moun ki posede TPS yo.

XS
SM
MD
LG