Accessibility links

Breaking News

Imigran yo Enstale Tant Devan Estad Olenpik Tapachula a


Migración
Migración

Plizyè milye imigran ayisyen ak lòt nasyonalite enstale yon seri de tant devan estad olenpik Tapachula a nan eta Chiapas kote y ap mande tranfè nan lòt eta. Otorizasyon pou vwayaje lib e libè nan peyi a pou chache travay.

Otorite meksiken yo kòmanse transfere depi semen pase a plizyè santèn imigran nan lòt eta apre yo pase plizyè semen ap tann demand azil ak viza nan Tapachula.

Imigran yo deklare bay ajans nouvèl Reuters rezon ki fè yo drese tant yo devan stad olympik la se pou yo kapab jwenn yon plas nan otobus k ap transpòte imigran yo lòt kote.

Roldy ki se yon ayisyen deklare "mwen menm ak tout fanmi m gen dokiman depi 4 mwa e nou pa kapab deplase. Otorite yo pa vle poutèt nou pa gen tikè. n ap boule anba yon flanm solèy, nou grangou."

Andedan stad la plizyè douzèn imigran itilize tout espas yo swa pou dòmi ou byen pou repoze yo. Marcelin Pierre denonse move kondisyon y ap viv andedan estad la ki sanble ak kote yo gade zanimo. "Ti moun yo malad. Nou gen lontan depi n ap tann. nou pa vle rete isit la ankò nou fatige."

Konsil ayisyen nan Tapachula Marie Joseph Renee, ki te pale avek nou nan telefòn rekonèt ayisyen yo ap viv nan kondisyon difisil e mizerab nan stad la. Li di l ap travay ak otorite meksiken non sèlman pou amelyore kondisyon yo men tou pou pèmèt transfè imigran ayisyen yo fèt pi rapid.

Konsil Renee di nou an plis de asistans l ap bay imigran ki prale nan lòt eta yo, genyen imigran ki malad e ki entène lopital e genyen menm ki mouri ke konsila dwe pote asistans. Dapre diplomat la, gen bezwen pou pèsonèl adisyonèl, plis gen otobis ki prale nan lòt eta, se plis genyen imigran k ap rive nan Tapachula ki sou fwontyè Meksik ak Gwatemala.

XS
SM
MD
LG