Accessibility links

Breaking News

PrezidanTrump Mande Refòm nan Sistèm Imigrasyon an ki Sèvi Enterè Lèzetazini


Prezidan Donald Trump ki tap pale nan Salon Est Mezon Blanch la nan Washington, madi 13 fevriye 2018 la.
Prezidan Donald Trump ki tap pale nan Salon Est Mezon Blanch la nan Washington, madi 13 fevriye 2018 la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse apèl bay sena a pou mande l apiye yon propozisyon-lwa sou imigrasyon ke Senatè repibliken Charles Grassley patwone; daprè prezidan an, lejislasyon sa a byen kapab ratifye 4 pwen enpotan ki nan plan refom imigrasyon li a.

Dokiman an pran an konsiderasyon sitiyasyon 1 milyon 800 mil jenn moun ki te antre Ozetazuni ak paran yo ilegalman pandan yo te piti toujou, e lejislasyon an kapab bay jenn imigran sa yo yon chans pou yo vin sitwayen ameriken.
Yon gwoup jenn imigran san papye legal ak patizan yo ki t ap manifeste devan Kongrè a nan Washington, nan dat 5 desanm 2017 la, pou mande palmantè yo vote yon lwa pou kite yo rete Ozetazini.
Yon gwoup jenn imigran san papye legal ak patizan yo ki t ap manifeste devan Kongrè a nan Washington, nan dat 5 desanm 2017 la, pou mande palmantè yo vote yon lwa pou kite yo rete Ozetazini.
Se konsa tou lejislasyon an prevwa yon yon fon lajan 25 milya dola pou ranfòse sekirite sou fwontyè Lèzetazini yo, limite imigrasyon ki baze sou relasyon familyal epi elimine lotri viza a pou mete nan plas li yon pwogram ki baze sou merit ak konpetans.
Nan yon deklarasyon La Mezon Blanch pibliye nan kòmansman jounen mèkredi 14 fevriye 2018 la, Misye Trump lanse apèl bay senatè yo pou li mande yo rejte tout solisyon tanporè epi mete an aplikasyon yon refòm imigrasyon ki repoze sou bon sans e ki sèvi enterè pèp ameriken an.
XS
SM
MD
LG