Accessibility links

Breaking News

Imigran ki Prale nan Peyi Etazini te Rasanble nan Sid Meksik


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Gwoup migran ki soti an Ayiti ak plizyè nan Amerik Santral te kite vil Tapachula jedi, pou yo al sou fwontyè Etazini a.

Apeprè 3,000 imigran te rive toupre fwontyè sid Meksik la ak Gwatemala nan semèn ki sot pase yo, pran yon poz epi yo te kontinye wout yo nan direksyon nò peyi Meksik .

Yon jounalis Reuters di VOA ke apeprè 150 moun, pi fò nan yo soti Ayiti, te rasanble nan yon pak ant Mèkredi nan aswè ak Jedi nan maten pou yo te òganize vwayaj yo nan nò peyi a.

Pandan se tan, yon lòt karavàn migran ki te soti Tapachula te kòmanse avanse apre ke yo te tann plizyè mwa avan yo deplase.

Ana Gomez, ki soti nan peyi El Salvador, tap vwayaje ak twa pitit li, yon sè l 'ak yon nyès li, yo te pase yon mwa nan Tapachula, destinasyon yo se Ozetazini,

Adrian kise se yon Ayisyen ak mennaj li Catiana,di yo te pase 2 mwa nan Tapachula.

"Mwen te kite pou nou al chèche yon lavi miyò, Mwen prèske pa gen lajan Ankò, mwen ap chèche travay, men yo di m'mwen dwe Meksiken oswa mwen dwe gen yon viza."

Destinasyon yo se Mexico City, kote yo espere jwenn travay.

Nouvo karavàn nan vini nan moman lidè Etazini, Meksik ak Kanada t ap fè chita-tande sou pwoblèm ki gen ladan tou mezi pou kenbe migrasyon.

XS
SM
MD
LG