Repibliken Donald Trump te eli kòm 45èm Prezidan peyi Etazini 8 novanm 2016, kote li te bat Demokrat Hillary Clinton.
Nan foto: Evenman ki make premye ane Eleksyon Trump la
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA

1
Prezidan Donald Trump ak Prezidan Chinwa Xi Jinping ki poze pou yon foto pandan yo te nan Mar-a-Lago vandredi, 7 avril 2017, Palm Beach, Florid. (AP Photo / Alex Brandon)

2
Prezidan eli Donald Trump ak Melania madanm li ak pitit gason li Barron Trump nan dimanch maten, 9 novanm 2016, nan New York apre li te fin fè diskou viktwa li a.

3
Prezidan Barack Obama ak Prezidan eli Donald Trump kap bay lamen apre reyinyon yo nan Biwo Oval La Mezon Blanch la nan Washington, jedi 10 novanm, 2016.

4
Prezidan eli Etazini an Donald Trump (agòch) ansanm ak madanm li Melania, pandan li tap prete sèman devan Prezidan Tribinal Siprèm Etazini an. John Roberts. Mesye Trump t gen bò kote li tou pitit gason li Barron, Donald, Ivanka ak Tiffany li pandan seremoni envestiti li a nan Washington devan Kongrè a yo rele Capitol Hill la, 20 janvye 2017.
Facebook Forum