Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande Moun k Ap Viv tou prè Plant Nikleyè Zaporizhzhia a Pati Kite Zòn nan


Yon lopital psikiyatrik fin kraze net apre yon atak ak atiyri lanuit la nan Kramatorsk nan rejyon Donetsk nan Ikren.
Yon lopital psikiyatrik fin kraze net apre yon atak ak atiyri lanuit la nan Kramatorsk nan rejyon Donetsk nan Ikren.

Ikrèn lanse yon apèl prese bay moun ki abite nan zòn ke Larisi okipe tou pre izin nikleyè Zaporizhzhia a, pou mande yo pati kite zòn nan pou pwòp sekirite yo.

Vis Premye Minis ikrenyen an, Iryna Vereshchuk, pibliye yon mesaj sou Telegram kote li di:

“Mwen lanse yon apèl bay rezidan komin ki tou prè Izin Nikleyè Zaporizhzhia pou m mande yo kite zòn nan. Chache jwenn yon mwayen pou n al rete sou teritwa ki anba kontwòl Ikrèn nan.”

Nan yon lòt mesaj ki parèt sou Telegram, majistra egzile komin Enerhodar, prensipal vil ke izin nan desèvi, fè konnen vil la twouve l anba koutzam fòs militè ris yo e kounyela a li pa pa gen elektrisite. Depi plizyè semèn deja, Moskou ak Kyèv pa sispann lanse akizasyon kote youn ap di se lòt la ki responsab pou bonbadman ak gwo kout-zam lou k ap frape pi gwo izin nikleyè ki egziste ann Ewòp la, sa ki riske pwovoke yon dezas nikleyè tankou dezas ki te fèt nan izin nikleyè Chernobil la, toujou nan Ikrèn, an 1986.

Nan jounen madi 6 septanm nan, Rafael Grossi, direktè jeneral Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA), te deklare atak san rete k ap fèt sou izin Zaporizhzhia a “pa akspetab”, e li te lanse yon apèl prese kote l te mande kreyasyon yon zòn demilitarize anndan ak ozalantou enstalasyon an. Grossi ak yon ekip enspektè LONU te vizite izin nan semèn pase a.

XS
SM
MD
LG