Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enpeksyon Jeneral Polis la, IGPNH, Konplete yon Toune Devalyasyon nan Divès Komisarya Depatman Latibonit la


Enspektè Divizyonè Jean Claude Benjamin sou bilan toune enspeksyon IGPNH la nan Latibonit
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:48 0:00

Enspektè Divizyonè Jean Claude Benjamin sou bilan toune enspeksyon IGPNH la nan Latibonit

Enspeksyon Jeneral Lapolis Dayiti, IGPNH, boukle wikenn pase a yon tounen denspeksyon ak ankèt li tap mennen pandan 4 jou nan Latibonit nan objektif pou evalye travay mesye dam polisye yo nan depatman sa a.

IGPNH tap fè tou yon evalyasyon sou rapo lapolis ak popilasyon an, rapò enstitisyon polisyè a ak lòt antite gouvènmantal nan depatman an, e ak kondisyon travay polisye yo epi moyen ki disponib pou yo fè travay yo.

Nan kad toune enspeksyon sa a ki te reyalize nan dat 22 pou rive 25 out 2017 pase a, 2 enspektè jenero ki te nan tèt 25 polisye ak fonksyonè teknik PNH la vizite 12 komisarya, 5 sou-komisarya, 2 inite espesyalize ak 2 prizon ki genyen nan depatman an.

Vizit sa yo, selon Komisè divizyonè Benjamin Jean Claude pèmèt IGPNH fè konsta eta fizik batiman ki loje komisarya ak sou komisarya nan depatman an ak kondisyon travay difisil polisye yo ki afekte nan kèk komin nan depatman Latibonit la tankou: Grande Saline, Villard, Anse-rouge ak Terre Neuve

Toune denspeksyon sa a se te okazyon tou pou enspektè yo finalize omwen 12 dosye dankèt ki gen rapo ak plent yo pote kont sèten polisye kap travay nan depatman an. IGPNH la te pwofite okazyon an pou fè yon seyans sanbilizayon sou kòd deyontoloji PNH la pou 50 ajan polis nan Saint Marc ki nan ba Latibonit la.

XS
SM
MD
LG