Accessibility links

Breaking News

Ayiti ann 'Alèt Oranj' nan Moman Irma, yon Siklòn Kategori 5 Kontinye Menase Rejyon Karayib la


 Pakou siklòn Irma nan rejyon Karayib la.
Pakou siklòn Irma nan rejyon Karayib la.

Otorite Pre Dezas ak Sekou yo nan tèt ansanm ak Inite Idwo Meteowolojik Ayiti dekrete yon Alèt Oranj sou teritwa peyi a nan moman siklòn Irma, ki tounen yon ouragan kategori 5 kontinye menase plizyè peyi nan Karayib la.

Pòt pawòl sant Meteowoloji a, Chrisnette Saint Georges fè konnen Ayiti kapab santi efè siklòn Irma a disi jedi 7 septanm 2017 la kap vini an pi patikilyèman nan nò, nòdwès, nò dès ak sant. Madam Georges, di siklòn Irma ap deplase a 22 kilomèt alè e li ka rive sou kot ti antiy yo lannuit madi 5 septanm nan.

Dapre Dr. Jerry Chadler nan Sant Operasyon Dirjans Nasyonal kap jere risk ak dezas la, anpil mezi deja adopte yon fason pou enfòme popilasyon an pou l ka rete alabri anvan menm siklòn nan rive sou Ayiti.

XS
SM
MD
LG