Accessibility links

Breaking News

Siklòn Maria Frape Pòtoriko


Machin sèvis sekou yo nan moman siklòn Maria tap frape Pòtoriko.
Machin sèvis sekou yo nan moman siklòn Maria tap frape Pòtoriko.

Nan Pòtoriko siklòn nan rache tèt kay, kase poto elektrik ak telefonik, dechouke pyebwa epi li bay gwo inondasyon. 90 pousan moun pa gen kouran elektrik.

Sant Meteolojik Lèzetazini an fè konnen Siklòn Maria kontinye frape byen fò kèk rejyon nan Pòtoriko avèk gwo van plis inondasyon ki gaye anpil kote apre li te touche tè sou il la nan kòmansman mèkredi 20 septanm nan kòm yon siklòn kategori 4.

Maria se youn nan pi gwo siklòn ki pase sou Pòtoriko. Nan fen aprèmidi jounen mèkredi a, li te pèdi fòs pou l desann nan nivo kategori 3 avèk van ki tap soufle ak yon fòs maksimòm anviwon 185 kilomèt alè.

Siklòn nan pwovoke blakawout, inondasyon ak glisman teren; li deja koze lanmò 9 moun pandan pasaj li nan rejyon Karayib la. Apre li te fin touche tè sou kòt sid-ès Pòtoriko mèkredi maten, li te koze anpil inondasyon ki fè lari yo tounen larivyè. Pandan li tap deplase dousman sou il la, li rache tèt kay, li kase poto elektrik ak poto relè telefonik, dechouke pyebwa epi li bay jiska 20 pous lapli ki pwovoke gwo inondasyon. 90 pousan moun nan tout tèritwa a pa gen kouran elektrik.

Espesyalis yo prevwa Siklòn Maria kapab monte sou lanmè olaj kot nò Pòtoriko epi, nan sware jounen mèkredi a, li prale nan fon lanmè nèt; men se toujou kòm yon siklòn li pral pase sou kòt ès ak nòdès Repiblik Dominikèn nannuit mèkredi pou leve jedi.

XS
SM
MD
LG