Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Isaac Kap Apwoche sou Lajamayik Pa Reprezante yon Danje pou Lil Dayiti


 Trajektwa siklòn Isaac. Foto: NOAA, 10 septanm 2018.
Trajektwa siklòn Isaac. Foto: NOAA, 10 septanm 2018.

Tanpèt twopikal Isaac pa reprezante yon menas ankò pou Ayiti dapre yon kominite Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo pibliye. Ministè enteryè fè konnen lap suiv de prè evolisyon trajektwa siklòn nan atravè Direksyon Pwoteksyon Sivil la.

Dapre Unite Hydrométéorologique UHM, siklòn Isaac ap pase a 400 kilomèt o sid peyi Dayiti nan fen semèn nan avan li rapwoche li sou kot Lajamayik.

Sepandan, kèk selil siklòn nan kapab detache epi pote lapli ak van nan zòn sidès peyi a. Siklòn Isaak pase sou Gwadloup ak Matinik jedi 13 septanm nan vè 8 tè nan maten avèk yon van ki tap soufle a 86 kilomèt a lè (86km/h). Li te touche tou peyi la Dominique ak Saint-Barthélemy.Van ak lapli siklòn Isaac pote nan Gwadloup lakoz anpil kay twouve yo nan blakawout.

Otorite yo ankouraje tout moun suiv konsiy yo nan laprès pandan sezon siklonik la pou bon jan enfòmasyon konsènan pasaj move tan yo nan rejyon karayib la.

XS
SM
MD
LG