Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Pra l Sibi Yon Operasyon Delika Anpil, Anpil, Dapre Prezidan Ekwatoryen Rafael Correa


Prezidan Raul Castro, adwat k ap resevwa prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez nan ayewopò Entènasyonal José Marti nan La Avàn, Kiba, lendi, 10 desanm 2012 la.
Prezidan Raul Castro, adwat k ap resevwa prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez nan ayewopò Entènasyonal José Marti nan La Avàn, Kiba, lendi, 10 desanm 2012 la.
Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, pral sibi yon operasyon pou maladi kansè nan Kiba. Tokay ekwatoryen li, Rafel Correa, deklare misye Chavez pral fè yon operasyon “delika anpil, anpil”. Prezidan Correa, ki fè deklarasyon sa a nan Ekwatè, te al rann lidè venezuelyen an (zanmi e alye li) yon vizit lendi nan La Avàn , kapital Kiba.

Prezidan Chavez retounen Kiba lendi pou l al suiv plis tretman pou kansè kap trakase li a, apre maladi a te pouse’l deziye vis-prezidan Nicolas Maduro kòm moun ki pou ranplase l sou pouvwa a si li pa ta kapab pou yon rezon oubyen yon lòt okipe fonksyon li e li egzòte patizan li yo vote pou Maduro si peyi a ta genyen pou l ale nan eleksyon.

Lidè sid-ameriken an di ekip medsen kiben li a fè l konnen li “nesesè anpil” pou l sibi operasyon sa a.

Plis pase mil patizan misye Chavez (58 an) te rasanble dimanch anba lavil Caracas pou montre solidarite yo, pandan palmantè yo, san manke youn, te aksepte ba li pèmisyon kite peyi a pou l al suiv tretman sa a.
XS
SM
MD
LG