Accessibility links

Breaking News

Lavwadlamerik Revoke Mwatye nan Jounalis Sèvis Housa a


Logo Lavwadlamerik
Logo Lavwadlamerik

Nan Washington, otorite Lavwadlamerik yo anonse, nan jounen jedi 4 oktòb 2018 la, yo revoke plis pase mwatye nan anplwaye Sèvis Houssa a, oubyen yo pwopoze pou responsab konsène yo mete fen totalman nan travay yo, apre yon ankèt ki montre anplwaye sa yo te asepte kout-lajan anba tab nan men gouvènman yon peyi ann Afrik de Lwès.

Direktris estasyon an, Madanm Amanda Bennett, mete manm pèsonèl la o-kouran sa k pase a nan yon imèl li voye bay tout sèvis nan ajans la. Li deklare:

<< Se avèk yon veritab kè lou m ap fè nou konnen nou revoke oubyen (dapre sa lalwa ou regleman federal yo mande) nou pwopoze revokasyon 15 manm Sèvis Haussa". >>

Nijerya, peyi ki genyen pi gwo popilasyon ki plae lang Hausa.
Nijerya, peyi ki genyen pi gwo popilasyon ki plae lang Hausa.

Madanm Bennett ajoute yo pran aksyon an apre pèsonèl Lavwadlamerik la, yon bò, epi Biwo Enspektè Jeneral la, yon lòt bò, te Mennen ankèt an menm tan sou “akizasyon deske manm sèvis la te mele nan sa k pa sa –pami move aksyon yo ta poze genyen le fèt ke yo ta aksepte lajan nan move kondisyon nan men yon otorite nan rejyon sèvis la kouvri a.“

Pwogram Haussa a al jwenn anviwon 20 milyon moun chak semèn, espesyalman nan peyi Nijerya, men tou nan peyi Nijè, Gana, Tchad avek Kamwoun.

XS
SM
MD
LG