Accessibility links

Breaking News

Konseye Lamezon Blanch Hope Hicks Reponn Kesyon Komite Ankèt Sena Ameriken an


Hope Hicks, Direktè Kominikasyon Mezon Blanch la, Hope Hicks
Hope Hicks, Direktè Kominikasyon Mezon Blanch la, Hope Hicks

Direktè Kominikasyon Mezon Blanch la, Hope Hicks, youn nan konseye prezidan Donald Trump ki pi dire nan djòb la, prezante devan yon komisyon nan Kongrè a kap ankete sou lyen ki ta egziste ant kanpay prezidan Trump la ak Larisi.

Li pa klè ki kantite kesyon madam Hicks ta reponn. Komite ransèyman Kongrè a kesyone li nan yon seyans ki fèt ak tout pòt fèmen.

Madam Hicks te pòt pawòl biznis pitit fi fanmi Trump la Ivanka avan li tal ede kanpay elektoral Prezidan Trump la nan ane 2016.

XS
SM
MD
LG