Yon jij federal di John Hinckley Jr. ki te tire Prezidan Ronald Reagan an 1981, pa "yon menas pou limenm ni lot moun anko" e ke yo pral libere li - tribinal la pap sipèvize misye anko apati mwa sa a.
Jij federal Paul L. Friedman te libere Hinckley nan mwad Septanm nan e li te wetire tou restriksyon ki te an plas kon misye men li te di lod sa a patap antre ann aplikasyon pazavan 15 Jyen.
Odisyon final ki dewoule jodi Mèkredi a te gen kom bi pou asire Hinckley ap viv byen nan kominote kote li rete nan Vijini depi plizyè zane.
Hinckley pat asiste odisyon final la, e jij la pa fè okenn chanjman nan plan li anvizaje pou bay misye libète konplè epi mete fen nan sipèvizyon tribinal la.