Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton fè konnen fòk yon moun pa nan reyalite a pou l ta panse Ayiti ta ka rekanpe sou pye l rapidman apre tranblemanntè ki te devaste l, malgre kominote entènasyonal la te pwomèt plizyè milya dola asistans pou ede rebati peyi a.
Madan Clinton pale konsa nan Nouyòk lendi 20 septanm 2010 la lè l t ap rankontre ak Premye-Minis ayisyen an Jean-Max Bellerive an deyò kad Asanble Jeneral Nasyonzini an.
Madan Clinton deklare sila yo ki espere wè pwogrè fèt tousuit nan peyi Dayiti ap fè yon move travay kont moun k ap redi pou yo ede gouvènman ak pèp ayisyen an repran jarèt apre tranblemanntè 12 mwa janvye a.
Sekretè Deta Clinton siyen ak gouvènman Ayiti a yon memorandòm sou pwogram pou kreye travay.
Nan kad memorandòm sa a, yo pral konstwi yon pak endistriyèl sou wout nò a, pa lwen Pòtoprens; se yon entrepriz yo pral reyalize avèk apui ekonomik Lètazini pou kreye djòb pou moun ki pa nan travay depi ekonomi peyi a te tonbe, sa gen 8 mwa.
Madan Clinton ak Minis Afè Etranjè fransè Bernard Kouchner, siyen yon 2èm memorandòm ki angaje gouvènman Etazini ak Lafrans pou yo rebati prensipal lopital Pòtoprens la.
Sekretè Deta Clinton te patisipe tou nan reyinyon Komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a ki gen nan tèt li mari-l, an palan de ansyen Prezidan Bill Clinton, ak Premye-Minis ayisyen an Jean Max Bellerive. Mesye Clinton se yon anvwaye spesyal Nasyonzini pou Ayiti.