Accessibility links

Breaking News

Otorite yo Dekrete Eta Dijans sou Hawaii Ki Anba Menas yon Move Tan


Kaipo Popa kap sekirize kay li ak planch yon fason pou l kapab pwoteje kay li kont van siklòn Lane kpab pote. 22 out 2018. Kapolei, Hawaii.
Kaipo Popa kap sekirize kay li ak planch yon fason pou l kapab pwoteje kay li kont van siklòn Lane kpab pote. 22 out 2018. Kapolei, Hawaii.

Siklòn Lane menase pou l frape dirèkteman Hawaii jedi 23 out 2018 la pandan lekòl yo, biznis ak biwo leta yo fèmen e pandan moun nan zile a depo manje e bouche pòt ak fenèt-yo lakay yo.

Otorite yo ouvè abri depi mèkredi 22 out la nan sak rele Gwo Zile a e sou zile Maui, Molokai ak Lanai. Administratè Ajans pou Jere Sekou, Tom Davis, konnen pa gen ase abri nan tout eta a e li ekzòte moun ki an deyò zòn inondasyon yo pou yo rete lakay yo.

Tanpèt la mache ak van ki gen vitès jiska 230 kilomèt alè, e yon fòs ki varye ant kategori 4 ak 5. Prezidan Donald Trump deklare eta dijans mèkredi a pou Hawaii.

XS
SM
MD
LG