Accessibility links

Breaking News

Kandida pou Pòs Direktè CIA, Gina Haspel, Kondane Teknik Entèwogatwa Malouk yo

Chwa Prezidan Trump pou pòs direktè CIA a, Gina Haspel.
Chwa Prezidan Trump pou pòs direktè CIA a, Gina Haspel.
Chwa Prezidan Donald Trump fè pou plas direktè CIA a, Gina Haspel, deklare ajans la pa t dwe itilize yon pwogram entèwogatwa malouk aprè atak teworis 11 septanm 2001 yo kont Lèzetazini. Mme Haspel pale konsa nan yon lèt li voye bay Senatè Eta Vijini Mark Warner lendi 15 me 2018 a. M. Warner se Demokrat ki pi wo-plase nan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a.
Prezidan George W. Bush te vini ak pwogram entèwogatwa a pou pèmèt itilizasyon "waterboarding" ak lòt teknik kriyèl kont moun yo te sispèk kòm teworis. Advèsè pwogram sa a di li se yon sòt de zak kraze-zo.
Nan lèt Madam Haspel voye bay Senatè Warner la, li di pwogram nan "se pat yon teknik CIA te dwe itilize..." yon pozisyon li pat pran pandan sesyon depozisyon Sena a te òganize pou konfimasyon li semenn pase a. Men li te pwomèt li pa tap itilize teknik la si li jwenn pòs la.
Gina Haspel ki t ap prete sèman anvan li te fè depozisyon li devan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a nan seyans sou nominasyon li pou plas diretkè CIA a nandat 9 me 2018 la. (Kapitòl la, nan Washington, DC. Foto: AFP/POOL/Alex Brandon).).

Gina Haspel ekri: "Pandan m pa p kondane sila yo ki te pran desizyon difisil sa yo (e m te wè ki enfòmasyon sa te bay), m ap di finalman pwogram nan te gen move efè sou ajan n yo ak imaj nou nan lemond." Nan seyans depozisyonj yo, Madam Haspel te pwomèt li pa t ap retounen ak pwogram nan si li jwenn konfimasyon Sena a.
XS
SM
MD
LG