Accessibility links

Breaking News

Harmonik: Yon Fyète Pou Ayiti


3 nan mizisyen gwoup ayisyen Harmonik la.
3 nan mizisyen gwoup ayisyen Harmonik la.

Madi 22 jen an, se te nan Orlando, Florida, 5yèm edisyon “America’s Got Talent” (Lèzetazini chaje talan). Nan okazyon sa a, yon pakèt moun te gen yon chans pou yo wè yon lòt fasad kilti ayisyèn nan, gras ak patisipasyon gwoup konpa ayisyen Harmonik nan pwogram sa a ki pase chak madi e chak mèkredi a 9vè di swa, lè Etazini. Harmonik se yon gwoup jèn mizisian dorijin ayisyèn ki baze nan Miami e ki jwe kompa ak divès lòt stil mizik.

Depi trajedi 12 janvye ki te frape peyi a, se dezyèm fwa ane sa a Ayiti patisipe nan yon pwogram yon chèn televizyon ameriken ki pa gen pou wè dirèkteman ak nouvèl k ap fè aktyalite a. Fwa sa a, olye dlo nan je moun te wè apre tranblemandtè a, se fyète telespektatè yo te konstate sou figi odyans lan ki te bat bravo pou pèfòmans gwoup Harmonik nan konkou a. Sa ki te pi eksepsyonèl nan pèfòmans mizisyen yo, se fason yo te chanje “tempo” chante Hallelujah (Leonard Cohen) pou yo ajoute yon ti “beat” kompa twoubadou ladan l. Se premye pèfòmans Harmonik nan America Got Talent, yon emisyon kote yo kalifye pou fè kompetisyon pou yon prim $1milyon dola champyon an ap resevwa. Avèk sipò tout fanatik yo ak jij yo, Harmonik kalifye kounye a pou dezyèm faz konkou a ki pral dewoule nan site tout vedèt yo, Los Angeles.

«America's Got Talent» se yon pwodiksyon Simon Cowell, jij pi popilè nan lòt konkou talan "American Idol" k ap pase depi 9 lane sou chèn televizyon FOX. Mèt seremoni an se komedyen, aktè Nick Cannon ki marye ak chantèz Mariah Carey. Emisyon sa a, se yon pwogram chèn televizyon ameriken NBC kote moun ak diferan talan jwenn opòtinite patisipe nan yon kompetisyon ki, apa ranpòte pri $1milyon dola a kapab ouvri pou yo plis opòtinite nan endistri mizik ameriken an ak mond showbiznis la.

Nou te pale ak 2 nan mizisyen djaz la k ap prezante nou Harmonik e k ap di nou kisa yo reve nan konpetisyon sa a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Sanders Solon ak Mac D nan mikwo Coralie Saint-Louis ak Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG