Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Aktivite yo Toujou Paralize nan Palè Jistis la nan Pòtoprens


 Senbòl Jistis
Senbòl Jistis

Ayiti-Jistis: Aktivite yo toujou rete bloke nan Palè Jistis la nan Pòtoprens e sa gen yon mwa depi sitiyasyon konsa akoz grèv avoka manm Bawo yo kap egzije revokasyon ak demisyon komisyonè gouvènman, Ocnam Clamé Daméus ak arestasyon ansyen Direktè Depatmantal Polis Lwès la, DDO Berson Soljour. Sitiyasyon sa a penalize jidisyab yo yo ki swete kriz sa debloke.

Berson Soljour, direktè polis depatman lwès la te jwenn revokasyon suit ak yon altèkasyon ak avoka e wisye nan Pakè Pòtoprens la. Avoka yo repwoche ansyen chèf polis zòn metwopolitèn nan pou abi pouvwa. Yo repwoche komisè gouvènman Daméus ki refize pwononse li sou ensidan an. Avoka bawo Pòtoprens yo sanble poko satisfè malgre enstitisyon polis la revoke Mesye Soljour. Yo mande pou akize a reponn devan lajistis pou zak maspinay li fè sou yo.

XS
SM
MD
LG