Accessibility links

Breaking News

Senatè Nawoon Marcelus Ki Ta Sibi yon Stwok Ap Pran Swen nan yon Lopital nan Miami


 Senatè ayisyen Nawoon Marcelus
Senatè ayisyen Nawoon Marcelus

Yon avyon anbilans transpòte senatè Nawoon Marcelus nan yon lopital an Florid kote l ap resevwa swen nan sak sanble yon aksidan serebwo vaskilè ki te frape l lendi pase nan palman an.

Yo te transpòte senatè Nò a nan yon lopital lokal pou l resevwa swen apre li te santi yon malèz pandan seyans Sena a t ap fè sou dosye Petwo Karibe a.

Sena ayisyen an ap reyini jedi 22 mas 2018 la nan tantantiv pou jwenn yon konsansis sou rapò a ki devan Kou Siperyè dè Kont . Senatè yo gen opinyon diferan sou dosye sa a.

XS
SM
MD
LG