Accessibility links

Kèk Imigran Ayisyen ki Bloke O Meksik Jwenn yon Jan pou Fè Rèv yo Reyalize

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Pierre Lumps Benoit, yon mizisyen ayisyen kap planifye pou l soti CD li rele, " My Dream" kote li twouve li kòm imigran sou teritwa Meksiken an.

Pierre Lumps Benoit pa te gen entansyon mete fen nan vwayaj li nan direksyon nò a nan bouk sa a sou fwontyè ant Meksik ak Etazini an, lè l te soti Brezil nan mwa Novanm 2016. Jenn gason ayisyen sa a te vize yon karyè nan mizik nan peyi Etazini, men se pa sa otorite imigrasyon yo sou fwontyè a te deside.

Konsa, Benoit te fè lòt plan. Li te jwenn yon lye kote li menm ak madanm li te ka viv e li te jwenn tou yon djòb pou jere Jaguar nightclub. Moun plis konnen l kòm yon mizisyen ki rele Woldo. L’ap pare pou fè yon vant-siyati nan bouk la, “anvan lontan”, tankou li di, lè l ap prezante premye CD li. Li rele l "My Dream", Rèv mwen.

Yon imigran ayisyen kap pote planch pou al bati yon kay nan yon katye sou fwontyè Meksik ki rele Tijuana a. Foto 25 fevriye 2017.
Yon imigran ayisyen kap pote planch pou al bati yon kay nan yon katye sou fwontyè Meksik ki rele Tijuana a. Foto 25 fevriye 2017.

"Li pa fasil pou moun viv nan peyi sa a. Salè a ba anpil," se pawòl Benoit, ki gen 31 lane, men li rekonèt ke kan menm, kote li ye a pi bon pase Ayiti, e li ajoute pou di, " Otorite-yo akeyi w kòm moun, pa kòm refijye."

Li pami plizyè milye migran ayisyen ki, apati sezon prentan 2016, te pran wout pou ale nan peyi Etazini. Men, lè yo te dekouraje akoz kontwòl pi sere ki vin antre nan politik imigrasyon Etazini, kèk nan yo tankou Woldo rete bloke sou pati sid fwontyè ak Etazini. Yo fè chanjman nan pwòp rèv pa yo e y ap chache omwen pran rasin sou tè peyi Meksik.

Plis ajisteman

Sityasyon lavi a te derasinen yo deja. Apre yon kokenn goudou-goudou an 2010 ki te sakaje Ayiti e touye 230-mil moun pou pi piti e detwi ekonomi an, anviwon 50 mil moun te jete yo pou al chache travay nan peyi Brezil. Kèk nan yo te jwenn kichòy, pa ekzanp nan preparasyon pou Je Olenpik Été 2016 yo. Men lè yon resesyon nan peyi Amerik di Sid sa-a te vin pi grav, djòb yo te disparèt. Anpil nan migran ayisyen sa yo te koumanse mete tèt pou Etazini, ak espwa pou yo antre nan pwogram imanitè ki rele Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ke Etazini te ofri apre goudou-goudou a.

Pou dekouraje yo fè sa, Depatman Sekirite Teritwa Etazini ki te kanpe sou depòtasyon imigran san papye ki pa kriminèl apre goudou-goudou 2010-la, te rekoumanse depòte imigran sa yo 6 lane apre an 2016. Li te sispann depòtasyon ankò pou yon ti bout tan apre siklòn Matthew te ravaje Ayiti nan mwa Oktòb 2016 kote li te touye 500 moun pou pi piti, e kreye gwo pwoblèm lòjman, travay ak rekòt jaden nan rejyon sa a nan sidwès Ayiti. Men depòtasyon yo te rekoumanse pi rèd, e pou yon moun te antre nan peyi Etazini, sa te vin pi difisil.

Pandanstan, nan San Diego nan eta Kalifòni, vin gen plis migran ayisyen ke biwo Ladwàn ak Pwoteksyon Sivil sou fwontyè-a repouse – soti nan 333 nan lane fiskal 2015 la, yo rive 6.377 nan ane apre a e tout lòt jou la a nan 8.045.

Rodulfo Figueroa Pacheco, ki sipèvize travay biwo Enstiti Nasyonal Migrasyon nan gouvènman meksiken an nan Baja California, fè konnen popilasyon Ayisyen nan eta a te grandi pou rive ant 5.500 e 6.000 pandan yo t ap tann desizyon otorite imigrasyon Etazini-yo. Kounye-a yo diminye kote yo pa rive 3000.

Te gen yon tan kote Ayisyen ak lòt migran te rete len-sou- lòt nan abri ki te twò chaje nan bouk Mexicali ak Tijuana.

« Nan ka Ayisyen yo, kominote a te reponn, » pou repete Hugo Castro, yon kowòdonatè pou SOS Migrants, e manm komite gwoup èd ki rele Anj Fwontyè yo. Castro kontinye pou di « Anpil moun te ede migran nan abri dijans yo. »

Pwojè k ap tann

Kèk nan Ayisyen yo konsidere tan ke y ap fè nan Meksik la kòm yon moman kote yo mete rèv yo sou kote pou pita.

Pami yo gen Richelet Marvouvil, yon ekonomis k ap travay nan Tijuana pou Glamour Autolavado, yon biznis lave machin kote l’ap fè 600 peso pa semèn, ansanm ak jenewozite. Li te rive nan vil fwontyè a nan mwa Fevriye 2017 apre li te fin pase yon mwa ap vwayaje soti Brezil – nan avyon, bato, oto e apye.

« Mwen gen yon rèv pou m antre Etazini, » se Marvouvil ki pale konsa, e li ajoute « Yo bay travay plis valè lòt bò a, konpare ak lòt peyi nan Amerik yo. »

Men yon jèn dam ki sèlman di ke li rele Dieunese fè konnen li te kontan pou l bati yon lavi tou nèf nan Baja California ak mari li ki Ayisyen. Yo te vag sou Brezil apre 18 mwa e kounyea yo nan Meksik – dabò nan Mexicali, e apre sa Tijuana – e sa gen prèske yon lane. Li jwenn travay nan yon restoran nan Tijuana ki espesyalize nan hot dog.

Li di: “Meksik bon. Menm moun ki pa gen papye ka jwenn travay. »

Efò pou jwenn estati legal

Anpil nan migran ayisyen yo te rive san papye, e yo idantifye tèt yo kòm moun peyi Kongo pou redui chans pou otorite ta depòte yo, dapre Gouvènman meksiken an ak Enstiti pou Politik Migrasyon, yon òganizasyon rechèch ameriken. Depi Lwa ane 1980 pou Refijye-a te pase, Etazini resevwa plizyè milye moun k-ap kouri pou konfli vyolan nan Repiblik Demokratik Kongo ki gen ti non RDC. Nan ane fiskal 2016-la, li te admèt 16.370 refijye ki soti RDC, « Nasyon ki ban nou pi plis refiye a, » dapre sa Sant Rechèch Pew rapòte. Pou ede sitwayen lakay li jwenn dokiman legal, Anbasad Ayisyen nan vil Meksik te ouvè biwo li nan sezon été 2017 la nan Mexicali ak Tijuana. « Rèv yo pou yo ale ozetazini gen anpil defi ladann, » se sa Guy Lamothe, anbasadè ayisyen nan Meksik, di LaVwadlamerik. « Papye sa yo ap ouvè nouvo opòtinite pou yo. »

Gouvènman Meksik la te tabli tou kèk sant espesyal pou travay sou papye yo e li te anplwaye ajan anplis pou kesyone Ayisyen yo, men li fèmen tout sant sa-yo 30 Septanm pase-a. Nan moman an, anviwon 2.700 Ayisyen te jwenn viza tanporè sou baz imanitè. Viza sa-yo valab pou yon lane e gouvènman an ka deside si wi ou non l ap renouvle yo.

Gouvènman Ayiti a te ekzòte migran ayisyen yo nan Meksik pou yo aplike pou viza imanitè ak pèmi travay nan dat 30 Septanm pou pita.

Figueroa, otorite imigrasyon nan Baja California a, te di LaVwadlamerik ke pou nenpòt lòt moun ki prezante apre sa, otorite yo pwal gade chak ka pou deside kilès ke yo ka aksepte. Li t ap pale de migran yo lè l te di « Nou pa ka tann pou nou wè yo gen yon estati nan peyi a kote yo ka travay e ka pwodui. »

Lakay se Lakay

Woldo, mizisyen an, fè konnen li gen rekonesans pou gouvènman ak pèp Meksik la. Se nòmal pou l toujou sonje lakay li.

« Bu mwen se fè lajan e retounen Ayiti, lakay se lakay. Nenpòt kote m ale – kit se nan radio oubyen nan televizyon, kit se nan emisyon mwen, mwen toujou moute drapo ayisyen m. »

XS
SM
MD
LG