Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Refleksyon sou Senbolism ki Makonnen ak Anperè Jean Jacques Dessalines; 211 Zan Apre


Plizyè aktivite make anivèsè Fondatè nasyon ayisyèn nan, Jean-Jacques Dessalines, ki dapre listwa te mouri anba bal asasen 17 oktòb 1806 yon jou kou jodi an nan Pont Wouj nan antre Pòtoprens.

Aktivite sa yo dewoule plizyè kote nan peyi a, kote Prezidan Jovenel Moise, Premye minis Jack Guy Lafontant ak plizyè lòt manm gouvènman an pase plizyè kote pami yo nan Machan Dessalines pou yon tedeyòm nan vil la, anvan yo mete tèt sou vil Gonayiv. 17 oktòb 2017 la fè 211 zan depi Anperè Jean Dessalines te mouri asasinen.

Tout fwa, nan moman gouvènman an ap komemore lanmò anperè a nan yon seri selebrasyon tradisyonèl, yon lòt sektè nan peyi a ki opoze ak pouvwa an plas la anonse manifestasyon kont gouvènman gouvènman Lafontant/ Moise la nan Pòtoprens.

Klike sou lyen odyo a pou w tande refleksyon Jounalis ayisyen, Romel Pierre, kap eksplike ki sa ki pase nan listwa Dayiti pandan, e apre asasina Lanprè Dessalines.

Refleksyon jounalis Romel Pierre sou sa ki pase nan listwa parapò ak 'Asasina Lanprè Dessalines'
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:38 0:00

XS
SM
MD
LG