Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman Moise/Lafontant Antame yon Kapay pou Akouraje Jèn yo Rete nan Peyi a


Timoun kap jwe boul nan yon katye nan Jeremi kote siklòn Matthew te kraze pi fò kay nan zòn sa a. Foto REUTERS/ Carlos Garcia,19 oktòb 2016.
Timoun kap jwe boul nan yon katye nan Jeremi kote siklòn Matthew te kraze pi fò kay nan zòn sa a. Foto REUTERS/ Carlos Garcia,19 oktòb 2016.

Yon delegasyon prezidansyèl chita pale ak responsab gouvènman lokal nan 13 komin Depatman Grand Ans la kote yo diskite sou kontribisyon jèn yo nan devlopman peyi a.

Delegasyon an ki soti nan Palè Nasyonal e ki te gen alatèt li ansyen minis ekonomi ak finans Wilson Laleau, te rankontre ak 13 majistra ki soti nan 13 komin. Chak majistra kominal sa yo te akonpaye ak plizyè jèn ki soti nan plizyè kwen nan komin yo. Ojektif rankont la se pou ankouraje jèn yo, apre yo fin pran yon fòmasyon pou yo rete epi travay nan peyi a.

Korespondan Lavwadlamerik Luckner Laguerre depi Jeremi ap pote te plis presizyon nan odyo a.

Yon repòtaj Korespondan VOA Luckner Laguerre depi Jeremi
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:49 0:00

Semèn pase a, Direksyon Jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Fednel Monchery te prezante yon delegasyon ki gen ladan 13 jèn leoganè ki te sot patisipe nan yon semèn fomasyon nan yon Inivèsite Entènatsyonal nan eta Florid, Etazini sou jesyon risk ak dezas.

XS
SM
MD
LG