Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Fè yon Rankont an Prive ak Pap Franswa nan Vatikan


Pap Franswa agoch, pandan li tap pale ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise nan yon rankont an prive nan Vatikan, vandredi 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool - RC1F6BD067E0
Pap Franswa agoch, pandan li tap pale ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise nan yon rankont an prive nan Vatikan, vandredi 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool - RC1F6BD067E0

Prezidan Jovenel Moise rankontre Pap Franswa nan Vatikan vandredi 26 janvye 2018 la. Dapre Anbasadè Ayiti nan Vatikan Carl Henri Guito, lidè ayisyen an te gen pou l chita-pale tou ak lòt lidè nan Legliz katolik, gouvènman Italyen an pami yo prezidan Sergio Matarella ak Prezidan Konsèy Minis la Paolo Gentiloni Silveri.

Pap Franswa pandan yon pòz foto ak fanmi prezidansyèl Ayiti a, Prezidan Jovenel Moise, madanm li Martine Moise ak pitit yo nan Vatican 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool - RC18C8BF8AF0
Pap Franswa pandan yon pòz foto ak fanmi prezidansyèl Ayiti a, Prezidan Jovenel Moise, madanm li Martine Moise ak pitit yo nan Vatican 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool - RC18C8BF8AF0

Delegasyon an, ki gen ladann fanmi prezidansyèl la Premyè Dam repiblik la Martine Moise ak pitit li yo ak plizyè lòt gwo otorite ayisyen, pami yo kèk palmantè pwòch pouvwa a. Delegasyon ayisyèn nan ap retounen ann Ayiti dimanch 28 janvye 2018 la. Yon te pran avyon pou Itali mèkredi ki te 24 janvye a.

XS
SM
MD
LG