Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Otorite Ayisyèn yo Mande Administrasyon Trump la Renouvle TPS la pou 18 Mwa pou Ayisyen yo


Maria Jean Louis bese tèt li ak kat Otorizasyon Travay li nan men li ak yon ti foto fanmi li kite dèyè ann Ayiti pandan yon jounen priyè pou imigran ayisyen ki gen TPS yo nan legliz Katolik Nontre Dame ki nan vwazinaj T-Ayiti nan Miami, Florid vandredi 5 janvye 2017 la.
Maria Jean Louis bese tèt li ak kat Otorizasyon Travay li nan men li ak yon ti foto fanmi li kite dèyè ann Ayiti pandan yon jounen priyè pou imigran ayisyen ki gen TPS yo nan legliz Katolik Nontre Dame ki nan vwazinaj T-Ayiti nan Miami, Florid vandredi 5 janvye 2017 la.

Jan Prezidan Jovenel Moise te deja anonse l la nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik nan moman li tap patisipe nan 72èm Asanble Jeneral Nasyon Zini an nan New York, gouvènman ayisyen an mande otorite imigrasyon amerikèn yo pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a, TPS, pou imigran ayisyen kap viv Ozetazini e eki te deja genyen li yo pou 18 mwa.

Dapre jounal Miami Herald, http://www.miamiherald.com/news/nation-world/world/americas/article177922561.html, se Ambasdè Ayiti a nan Washington Paul Altidor, ki ekri lèt demand la nan non gouvènman an e ki voye li bay biwo Depatman Sekirite Teritoryal Etazini. Nan menm lèt sa a, Anbasadè Altidor envite Minis pwovizwa Sekirite Teritoryal Ameriken an, Elaine Duke, pou l fè yon vizit ann Ayiti avan li pran desizyon sou ka a nan mwa novanm pwochen an.

Anpil ayisyen ki gen TPS yo kap ekspire an janvye 2018 te pran wout fwontyè Kanada pou yo pa ban e pa pakèt pou mande azil paske yo pat gen espwa administrayon Trump la ki vize ranfòse lawa sou imigrasyon yo Ozetazini ta pral pwolonje stati yo a pou yo. Otorite kanadyèn te sè oblije ouvè Stad Olimpik Monreyal la pou ebèje imigran sa yo.

Nan yon entèvyou Anbasadè Altidor the bay Lavwadlamerik mwa pase a sou dosye aysiyen ki gen TPS yo kap antre o Kanada yo, li te dekonseyon yo fè sa. Mesye Alditor te di moun ki gen TPS yo ap viv legalman Ozetazni jis kaprezan e ek pa gen anyen ki di imigrasyon Amerikèn pa pral renouvle stati tanporè a pou yo.

Pou kounye a, Lavwadlamerik ap eseye antre an kontak ak Anbasad Ayiti a nan Washignton pou genplis enfòmasyon sou lèt sa a ki mande administrasyon amerikèn nan renouvle TPS la pou 18 mwa pou imigran ayisyen yo.

XS
SM
MD
LG