Ayisyen nan vil Boston fè yon mach Jodi a pou pwoteste kont move pwopo Prezidan Trump te pwononse kont Ayiti ak kèk peyi afriken.
Ayisyen yo tap pwoteste tou kont desizyon administrasyon Trump la pran pou l mete fen nan stati Pwoteksyon Tanporè a TPS pou Ayisyen, yon desizyon ki genyen pou l anntre ann aplikasyon an jiyè 2019.
Korespondan nou Wilson Dubuisson di nou resòtisan lòt peyi te akonpaye ayisyen yo nan mach sila a.
Pami diyitè ki te nan mach sa a pou apiye Ayisyen yo, te genyen reprezantan majistra kominal Boston nan Marty Walsh.
Pwotestasyon an t al fini devan biwo imigrasyon vil Boston nan.