Accessibility links

Breaking News

Yon Inisyativ Ambasad Etazini ann Ayiti pou Ankouraje Plis Fi Patisipe nan Vi Piblik Peyi a


Ayiti: Yon Seremoni pou Ankouraje Entegrasyon Medam yon nan Administrasyon Piblik la; Inisyativ Anbasad Amerikèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:23 0:00

Ayiti: Yon Seremoni pou Ankouraje Entegrasyon Medam yon nan Administrasyon Piblik la; Inisyativ Anbasad Amerikèn

Sou inisiativ Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens yon seremoni te oganize madi swa 1 out 2017 nan rezidans Anbasadè Etazini a ann Ayiti ki nan zòn Boudon nan onè otonomizasyon fanm yo. Nan okazyon an, responsab yo nan anbasad la onore, Natalie Mondesir, ki ranpòte pri konkou Next Generation Leader a, yon pwogram enstiti MacCain òganize.

Dapre repòtè Lavwadlamerik Yves Manuel ki te sou plas nan seremoni an, se premye ayisyen epi premye fanm nan Karayb la ki ranpote pri sa a. Pami moun ki te pran lapwòl nan seremoni an te genyen Chaje Dafè Etazini an ann Ayiti, Diplomat Brian W. Shukan ak Premye Dam Repiblik Dayiti a, Martine Moïse.

Klike sou videyo a pou kabap suiv yon repòtaj Yves Manuel reyalize sou seremoni a ki se yon inisyativ Anbasad Etazini an ann Ayiti nan objektif pou ankouraje plis patisipasyon medam yo nan vi piblik peyi a.

XS
SM
MD
LG