Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken Marco Rubio Egzòte Ayiti pou l Pa Lage Taiwan Epi Anbrase Relasyon ak Lachin


 Senatè eta Florid la, Marco Rubio
Senatè eta Florid la, Marco Rubio

Yon deklarasyon Senatè Florid la, Marco Rubio, fè sou kont Twitter li ap domine aktyalite a nan media yo ann Ayiti. Marco Rubio mande otorite ayisyèn yo pou pa tabli relasyon diplomatik ak Lachin. Senatè ameriken ekri:

"Ayiti pa ta dwe komèt sa l konsidere menm erè ak repiblik Dominikèn ki koupe fache ak Taiwan pou l tabli relasyon diplomatik ak lachin."

Sepandan, sekretè jeneral konsèy dè minis gouvènman Moïse/Lafoantant an, Rénald Lubérice, ki tap reyaji nan laprès sou deklarasyon senatè ameriken an fè konnen Ayiti se yon eta souveren ki pran desizyon ki nan entèli nan sa ki gen rapò ak rasyon li ak yon lòt peyi.

Peyi Taiwan gen bon jan kowoperasyon ak Ayiti ki date depi plizyè dizèn dane menm jan ak Repiblik Dominikèn ki li menm deside semèn pase a etapbli relasyon kowoperasyon ak Lachin epi abandone zanmitay li te genyen ak Taiwan.

Taiwan se yon peyi sou yon zile tou pre Lachin e ki endepandan. Sepandan, Lachin toujou konsidere Taiwan kòm teritwa li e refize rekonèt endepandans Taiwan.

Lòt nouvèl ann Ayiti fè kwè Lachin ofri otorite kominal vil Pòtoprens yo pou l rekonstri kapital la nan kad yon akò kowoperasyon ant otorite 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG