Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ap Fè Fas Ak Yon Kriz Imanitè


Yon ekspè Nasyonzini pou Dwa moun ki abandone rezidans nan pwòp peyi yo di gen yon gwo kriz imanitè ann Ayiti pandan li pale nesesite pou pwosesis rekonstriksyon akselere.

Reprezantan dwazimen pou Moun ki Deplase nan pwòp peyi yo Walter Kaelin di gen yon bezwen ijan pou swen sante, dlo, sanitasyon ak edikasyon non sèlman nan kan yo men pou lòt ayisyen ki kontinye ap viv lakay yo.

Responsab la eksprime tou kè sote l akoz ogmantasyon vyòl ak lòt fòm vyolans k ap fèt kont meda m yo ak ti moun k ap viv nan kan yo.

Mesye Kalin, wo plase ajans dwazimen an, mande gouvènman ayisyen an pou l prepare yon plan devlopman epi aplike la lwa nan kan yo.

XS
SM
MD
LG