Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Fanm Ap Chache Sipò Legal pou Timoun Sòlda Nasyonzini Lage sou Bra yo san Papa


Myrlande Nazaire kap mache nan lakou lakay li nan Pòsali, Ayiti, 6 me 2017. Myrlande di youn nan timoun li yo se pitit li fè ak yon sòlda Nasyonzini nan misyon lapè a, MINUSTAH.
Myrlande Nazaire kap mache nan lakou lakay li nan Pòsali, Ayiti, 6 me 2017. Myrlande di youn nan timoun li yo se pitit li fè ak yon sòlda Nasyonzini nan misyon lapè a, MINUSTAH.

Avoka ki ap reprezante 10 fanm ayisyen ki di yo gen timoun avek sòlda Nasyonzini yo te depoze premye aksyon legal an Ayiti kont Nasyonzini ak sòlda MINUSTAH yo pou mande èd pou timoun yo, ak pou reklame patènite yo dapre ajans Reuters.

Plent yo te depoze pa yon gwoup avoka dwazimen an Ayiti yo rele Bureau Des Avocats Internationaux (BAI). Plent sa yo se yon pati nan batay legal ke medam ayisyen sa yo ap fè pou fòse sòlda fòs mentyen lapè Nasyonzini, yo di ki se papa pitit yo, kontribye nan edikasyon yo.

Misyon Nasyonzini an sot kite Ayiti nan mwa oktob ki sot pase a apre yo te fin pase apepre 13 lane nan peyi a kote yo te voye yo pou estabilize peyi a ki te trouve l nan yon boulvesman politik

Misyon Nasyonzini an te pote yon epidemi kolera ki te touye apepre 10,000 moun, e li te toujou anba akizasyon agresyon seksyèl.

Dapre avoka yo met Mario Joseph, ki depose plent yo, medam ayisyen sa yo ap redi pou kont yo san pran souf pou okipe timoun sa yo, yo di ki se pitit sòlda mentyen lape Nasyonzini ki te estasyone an Ayiti yo te rele MINUSTAH ki te soti Irigwe, Ajantin, Nijeria, ak Sri Lanka.

Mèt Mario Joseph fè konnen: “Manman ak tout pitit sa yo ap fè fas ak gwo difikilte ekonomik ansanm ak diskriminasyon; li ajoute pou l di ke gen 6 nan manman pitit sa yo ki te lage nan lari debra balan aprè siklòn Matthiew te devaste zòn Karayib la ane 2016 pase a.

Nasyonzini gen lwa trè strik sou relasyon seksyèl

Règleman sou lwa nan Nasyonzini pa tolere konpòtman relasyon seksyèl ant manm misyon li yo ak sitwayen nan peyi kote yo deplwaye a. Nasyonzini dekrete "Zero Tolerans" nan sans sa a, pou n site Farhan Haq, yon pòtpawòl Sekretè Nasyonzini an Antonio Guterres, ki te pale ak Fondasyon Thomson Reuters. Misye Hag di tou, "Toutfwa poko gen prèv ki montre se manm misyon MINUSTAH a ki te ansent medam sa yo. E si ta gen prèv pou sa, se responsabilite nèg ki ansant medam yo pou pran responsabilite yo an men. Nasyonzini pa kapab fè sa pou yo."

XS
SM
MD
LG