Depatman Deta ameriken an resevwa nan dat 7 out ki sot pase a premye gwoup “Jèn Anbasadè Ayiti” ki vizite Lèzetazini.
Pandan 3 semèn, 20 jèn elèv lekòl (nivo segondè) ap genyen pou yo al vizite Nouyòk, Pennsylvani, New Jersey ak Washington , DC pou rankontre jèn ameriken parèy yo, viv lakay fanmi amerikèn ki aksepte akeyi yo e patisipe nan aktivite sou edikasyon sivik, sèvis kominotè ak devlopman jèn lidèchip.
Jèn k ap patisipe nan pwogram sa a se adolesan ki genyen ant 15 ak 18 tan e ki demontre posibilite pou yo egzèse bon jan lidèchip. Malgre yo sòti nan fanmi ki pa genyen gwo mwayen ekonomik, yo chak te demontre yon angajman “san parèy” non sèlman pou yo sèvi nan domèn piblik la, men tou amelyore lavi nan kominote yo. Elèv sa yo genyen avèk yo 2 edikatè k ap akonpaye yo nan pwogram nan.
Pwogram “Anbasadè Lajenès la” pèmèt etidyan lekòl segondè 25 peyi atravè tout kontinan ameriken an ak gran moun ki ankadre yo travay ansanm pou ankouraje konpreyansyon antre yo, ogmante kapasite lidèchip yo e prepare jèn yo pou yo fè yon diferans ki egziste nan kominote yo. Chak ane, plis pase 400 Anbasadè La jenès patisipe nan pwogram sa a.
Gwoup pwofesyonèl ayisyen sa a twouve yo nan Washington nan kad yon pwojè “Volontarya” e sou envitasyon pwogram lidèship Depatman Deta ameriken “Vizitè Entènasyonal”.
Responsab relasyon pou medya yo se Carla Coolman. Nou kapab ekri li nan adrès sa a CoolmanCH@state.gov oubyen rele li nan nimewo sa a : 202 632-3356.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande entèvyou Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar, ak jèn pwofesyonèl ayisyen yo ki eksplike objektif pwojè sa a pandan yon vizit nan Lavwadlamerik.