Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Senatè yo Adopte yon Rezolisyon pou Kreye Amoni nan Gran Kò a


 Manm Sena ayisyen an. Foto achiv, 13 fevriye 2016
Manm Sena ayisyen an. Foto achiv, 13 fevriye 2016

Senatè ayisyen yo mete fen nan retrèt 4 jou yo t ap fè nan Hotel Royal Decameroun kote yo adopte yon rezolisyon 13 pwen ak objektif pou kreye amoni nan gran Kò a ki te divize.

19 Senatè, ki te pwòch pouvwa a, mete yo dakò pou respekte règleman entèn yo, patisipe nan seyans yo. pibliye chak semen non senatè absan yo nan yon jounal lokal, entegrasyon group majoritè, minoritè ak endepandan nan konferans prezidan yo epi fè yon kont randi bay asanble a sou pozisyon sena a nan dosye PetroCaribe a. Senatè opozisyon an pat patisipe nan retrèt la.

XS
SM
MD
LG