Accessibility links

Breaking News

Lapolis Mobilize 3000 Polisye pou Sekirize Kapital la Pandan Fen Ete a


DDO-PNH konferans deprès Direksyon Depatmantal Lwès polis la lendi 13 out 2018. Foto: Koutwazi, Les Lundis de la presse.
DDO-PNH konferans deprès Direksyon Depatmantal Lwès polis la lendi 13 out 2018. Foto: Koutwazi, Les Lundis de la presse.

Direksyon Lwès Depatman Polis Nasyonal Ayiti (DDO-PNH) deblwaye apeprè 3000 ofisye polis pou fen peryòd ete a nan Kapital ayisyèn. Deplwaman antre nan kad lansman operasyon ki rele "Boukle lari yon."

Lendi, 13 out, 2018, nan yon konferans pou laprès nouvo pòtpawòl enstitisyon polis la Michelangelo Louis Jeune di Ofisye polis wo grade yo ap nan lari a tou pou akonpaye ajan de lòd yo nan travay yo.

Bò kote pal, chèf kabinè DDO-PNH a, Jean Ismagne Auguste di polisye pral patwouye plizyè pwen diferan nan Pòtoprens. Fòs de lòd yo ap divize an plizyè blòk yon fason pou fasilite pi bon jesyon operasyon an.

XS
SM
MD
LG