Polis Nasyonal la, PNH, lanse jedi 5 Avril 2018 la, yon pwogram pilòt ki rele " Byenveni a Port-au-Prince" nan objektif pou konbat vòl k ap fèt sou pasajè kap soti nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la.
Dapre direktè Depatmantal Lwès la, Berson Soljour desizyon an pran apre yo resevwa plizye plent nan men pasajè yo ki di bandi ame atake yo nan zòn ki nan alantou ayewopò a e yo pran tout sa yo posede.
Plizyè inite polis nasyonal la ap patisipe nan operasyon sa a k ap dire 90 jou. Responsab yo bay tèt yo objektif pou diminye de 80 pou 100 zak bandi ap komèt nan zòn nan.
Apati de jodi a motosiklèt pap kapab sikile nan alantou ayewopò a pandan yo mande se sèlman moun k ap vinn rankontre fanmi yo ki otorize kanpe devan sòti prensipal ayewopò Pòtoprens la.
Fòs de Lòd yo bay 3 nimewo telefòn piblik la kapab itilize si yo sispèk yon moun ap swiv yo swa nan machin ou byen sou motosiklèt. Nimewo sa yo se: 38-20-11-11, 38-21-11-11, 38-22-11-11.