Accessibility links

Breaking News

'Police Front' yon Inite Lapolis pou Ranfòse Sekirite sou Fwontyè Ayiti ak Sen Domeng


Police Front, se non inite espesyalize ki delwaye pou ranfòse sekirtie sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Foto: Jaudelet Junior St. Vi, Fòlibète, Nòdès. 10 janvye 2018.
Police Front, se non inite espesyalize ki delwaye pou ranfòse sekirtie sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Foto: Jaudelet Junior St. Vi, Fòlibète, Nòdès. 10 janvye 2018.

"Police Front" se non yon nouvo inite nan PNH la, Polis Nasyonal Dayiti, otorite deplwaye sou ranfòse sekirite sou fwontyè ant Ayiti ak Sen Domeng patikilyèman nan zòn Depatman Nòdès la.

Nouvèl inite polis sa a pral gen kòm misyon siveye frontyè Ayisyano-Dominiken an konbat kont trafik ak tout move zak sou lizyè 2 peyi yo. Deplwaman sa a fèt mèkredi 10 janvye 2017 la nan baz yo ki trouve l nan Mòn Kas.

Dapre korespondan Lavwadlamerik nan Fòlibète, seremoni an te deroule nan prezans dirèktè Polis Frontalyè a, Marc Justin, direktè depatmantal polis nòdès la, Fritz St-Fort, vis delege Fòlibete a, Sorel Abellard, plizyè lòt otorite nan depatman an, ak nanm misyon tou nèf Nasyon Zini pou Sipòte Jistis la ann Ayiti, MINUJUSTH.

XS
SM
MD
LG