Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Inogirasyon yon Nouvo Komisarya nan Komin Tèrye Wouj avèk Sipò Finansye Lèzetazini


Ayiti: Gras ak sipò Etazini, komisarya Tèrye Wouj la relouvri pòt li 13 zan aprè
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:06 0:00

Gras ak finansman gouvènman Ameriken an, otorite ayisyèn yo inogire yon nouvo komisarya nan komin Tèrye Wouj ki nan depatman Nòdès peyi a mekredi 29 Août 2017 la.

Nan prezans plizyè otorite nan rejyon nò peyi a ak nan Pòtoprens pami yo chaje dafè ameriken an, Diplomat Robin Diallo ak direktè jeneral lapolis la, DG PNH Michel-Ange Gedeon ki te pran lapawòl nan sikonstans lan, komisarya Tèrye Wouj la relouvri pòt li 13 zan aprè nèg ame te boule li rapyetè.

Madam Robin Diallo renouvle angajman li di Lèzetazini pran pou l kontinye sipòte Polis Nasyonal Ayiti, PNH. Diplomat ameriken an fè konnen Lèzetazini deja ede nan rekonstriksyon plizyè komisarya, prizon ak lòt batiman ki loje enstitisyon ki gen rapò ak ranfonse sekirite nan peyi a.

Direktè jeneral polis la bò kote pal di li swete reouvèti komisarya Tèrye Wouj la pral ranfòse klima lapè ak sekirite nan rejyon an. Mesye Gedeon di tou lapolis la vle antere nan memwa li move souvni kote yon seri endividi mal entansyone ki panse vyolans se pi bon mwayen pou rezoud pwoblèm yo konn sakaje, ak boule, detui komisarya yo.

Direktè PNH la mande polisye yo, olye de fòs zam yo pou priyorize dyalog kòm meyè fason pou jwenn solisyon nan konfli ant popilasyon yap pwoteje a.

Komisarya Tèrye Wouj la se youn pami lokal Polis Nasyonal yo endividi ame te boule pandan leve kanpe kont rejim Lavalas la sou pouvwa nan ane 2003-2004 yo. Anpil polisye te pèdi lavi yo nan konfwontasyon ak nèg ame ki te pran komisarya yo daso pandan peryòd sa a.

XS
SM
MD
LG