Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Lapolis Ap Chache Plizyè Asasen Ki Touye ak Bal yon Resòtisan Ameriken nan Petyon-Vil


Foto po bal.
Foto po bal.

Yo sitwayen ameriken mouri apre li te fin resevwa plizyè bal pandan yon atak ki fèt sou li nan Pòtoprens dapre ajans nouvèl AP ki te premye rapòte nouvèl la.

Pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal Dayiti a, PNH, Gary Derosiers, fè konnon zak asasinay la ta sanble ak yon ekzekisyon somè. Asasen yo te ret tann viktim nan, ki gen 43 zan sou tèt li, pandan li tap soti nan yon restoran nan Petyon-vil yon banlye nan Kapital la, Pòtoprens.

Viktim nan resevwa plizyè bal e li mouri sou plas nan atak la. Yon gad sekirite ki tap asire sekirite nan paking kote aksyon an te fèt la, soti blese nan atak la. Lapolis poko arete pèsonn e yo poko konnen rezon asasina a.

Enspektè Derosiers, ki konfime nouvèl la sou ensidan nan mikwo Jean Pierre Leroy, idantifye viktim nan sou non Benjamin R. Craft e li se yon ayisyen-ameriken. Dapre enspektè a ensidan an rive nan paking Ticket Zone ki kole-kole ak yon restoran ki nan ri Klèvo, Petyon-vil. Poko gen enfòmasyon sou fanmi viktim nan oubyen ki kote li abite Ozetazini.

Klike sou lyen odyo a pou w tande Pòtpawòl Adjwen PNH la, Gary Desrosiers, ki te reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Enspektè Gary Desrosiers kap reponn kesyon Lavwadlamerik sou asasina yon resòtisan ameriken nan Petyon-Vil.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:08 0:00

XS
SM
MD
LG