Prezidan Jovenel Moise rankontre sektè prive a ak kèk manm sektè enfòmèl komès la nan kapital la e ki viktim zak briganday pandan 3 jou kote pèp souveren piye e boule plizyè antrepriz. Prezidan an t ap chache konnen ki fason gouvènman an kapab akonpaye 2 kategori viktim yo.
Lidè ayisyen an rankontre tou ak Core Group la (reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini an, Almay, Brezil, Etazini, Espay, Union Ewòp pou diskite kriz peyi a ap travèse a. Core Group la, ki te eksprime soutyen yo pou Ayiti, te mande gouvènman an pou l kòmanse yon dyalòg ak patisipasyon tout sektè.
Msye Moise anonse sou rezo sosyal Twitter ke li rankontre ak diferan strikti politik peyi a kote yo pale de evenman weekenn nan, chanjman nan gouvènman an epi aksyon ijans pou l pran yon fason pou amelyore kondisyon lavi popilasyon.
Prezidan Chanm Depite a Gary Bodeau anonse seyans entèpelasyon Premye Minis Jack Guy Lafontant ap dewoule Samdi 14 jiyè 2018 la a 10è nan maten an. Anons sa a, ki pase sanble jwenn apwobasyon lòt depite yo, fèt nan moman plizyè sektè ap mande demisyon Premye Minis la.