Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Viktim nan Manifestasyon Platfòm Pitit Desalin nan Pat Tonbe Anba Kout Zam Lapolis


 Ansyen kadida alaprezidans Jean-Charles Moise (agoch ) pandan yon manifestasyon nan Pòtoprens. Foto achiv: 22 janvye 2018.
Ansyen kadida alaprezidans Jean-Charles Moise (agoch ) pandan yon manifestasyon nan Pòtoprens. Foto achiv: 22 janvye 2018.

Yon moun mouri nan Manifestasyon Platfòm Pitit Desalin tap òganize jedi 19 avril la nan Pòtoprens kont gouvènman Moïse Lafontant an. Nouvèl ki soti nan kapital la fè kwè viktim nan, yon jèn òm 31 an ki rele Pierre Hubbert pèdi lavi l lè li tap eseye vòlè yon chèn nan kou yon pasan, yon sitwayen 51 an ki pat nan manifestasyon an, ki li menm te itlizse zam ni pou defann tèt li.

Sitwayen sa a te rann tèt li bay lapolis apre ensidan an dapre deklarasyon Pòtpawòl lapolis la Frantz Lerebours fè nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy. Mesye Lerebours di sispèk la gen pèmi pou zam li te itilize a.

Otorite yo demanti rimè ki ta tap sikile avan e ki te fè kwè se lapolis ki te tire sou manifestasyon anti-gouvènman an. Tout fwa, poko gen okenn deklarasyon bò kote òganizatè manifestasyon an sou ensidan an.

XS
SM
MD
LG