Accessibility links

Breaking News

Apre Prezidan Jovenel Moise Fin Mete yon Mesaj Devan Nasyon Zini, Li Retounen Pòtoprens


 Pezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan li tap pale nan Nasyon Zini, nan New York, jedi 21 septanm 2017 la.
Pezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan li tap pale nan Nasyon Zini, nan New York, jedi 21 septanm 2017 la.

Nan okazyon retou Prezidan Moise la, sendika yo ak manm yo, lidè opozisyon an ak patizan yo pwoteste devan ayewopò entènasyonal kapital la.

Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moise retounen nan Pòtoprens vandredi 22 septanm 2017 la aprè li te pran lapawol jedi nan 72èm sesyon odinè Asanble Jeneral l'ONU an nan New York.

Lidè ayisyen an te abòde, antwòt, dosye sa yo: plan devlopman gouvènman li a pou Ayiti; responsablite Nasyon Zini nan eklatman epidemi kolera nan peyi a; jenn ayisyen kap kite peyi yo pa bann e pa pakèt pou y'al viv nan peyi etranje, lit kont koripsyon, travay pou kore efò pou tabli eta de dwa ann Ayiti, elatriye.

Nan okazyon retou Prezidan Moise la, lidè sendika yo ak manm yo, dirijan opozisyon an ak patizan yo te chanje yon pwogram pwotestasyon ki te fikse pou vandredi a e yo te pran randevou devan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la pou yo manifeste kont divès desizyon gouvènnman Moise-Lafontant pran.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou jan retou Prezidan Moise la dewoule avèk korespondan nou Renan Toussaint.

Retou Prezidan Jovenel Moise ann Ayiti apre li te fin patisipe nan 72èm Asanble Jeneral l ONU avèk Renan Toussaint
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:41 0:00

XS
SM
MD
LG