Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Di Administrasyon li an Detèmine pou Konbat Koripsyon


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Foto pandan li tap mennen kanpay pou l vin prezidan Dayiti. (20 septanm 2016.REUTERS/Andres Martinez)
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Foto pandan li tap mennen kanpay pou l vin prezidan Dayiti. (20 septanm 2016.REUTERS/Andres Martinez)

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, salye inisyativ Federasyon Bawo yo pran pou òganize 32è konferans entènasyonal yo a ann Ayiti.

Premye sitwayen Ayiti a fè konnen tèm aktivite sa a ale nan menm sans ak vizyon li pou entegrasyon tout sektè nan vi nasyonal la pou pèmèt bon jan devlopman ekonomik ak sosyal fèt nan peyi a. An menm tan tou, lokatè Palè Nasyonal la pwomèt pou l travay ak lajistis pou rive kwape sistèm koripsyon an ann Ayiti.

Prezidan Jovenel Moise fè deklarasyon sa a nan moman plizyè sektè nan sosyete sivil la ap manifeste pou mande pou lajistis sezi li sou dosye ankèt sou fon Pewo Karibe a.

Koripsyon, entegrite, egalite gason ak fi, detansyon prevantif pwolonje, se kèk nan tèm kap domine deba yo nan Konferans Avoka Espas Frankofòn pou Devlopman Ekonomik ak Sosyal yo kap dewoule nan Pòtoprens soti 6 pou rive 10 desanm 2017 la. Konferans sa a reyini 45 peyi ak 120 bawo avoka.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:10 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG