Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opozisyon an Lanse yon Mobilizasyon san Pran Souf Kont Aplikasyon Nouvo Bidjè Fiskal la


Yon manifestan kap mache tou pre kawotchou kap boule nan lari Pòtoprens pandan jounen grèv jeneral 18 septan 2017 la. Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Yon manifestan kap mache tou pre kawotchou kap boule nan lari Pòtoprens pandan jounen grèv jeneral 18 septan 2017 la. Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Divès sitwayen nan rejyon metropolitèn nan, Pòtoprens kotinye ap reyaji sou bidjè 2017-2018 la kote yo mande ekzekitif la fè bak sou aplikasyon dokiman sa a.

Sou menm ide pwotestasyon sa yo, sektè sendika a prevwa 2 jounen grèv pou konteste aplikasyon bidjê a. Kèk sitwayen di Lavwadlamerik yo trouve mouvman sa a korèk e ke li pa nòmal pou ekzekitif la aplike lwa finans 2017-2018 lan jan palman te vote l la.

Ogmante taks yo sou kèk sèvis, se pa sa ki pwoblem lan, dapre Edner Jean ki te reponn kesyon VOA sou kisa lajan sa yo pral fè.

Lherisson Jean Jacques ki se yon chofè kamyonèt, bò kote pa l di se yon nesesite pou Prezidan Jovenel Moise retounen sou bidjè a li konsidere ki pa nan avantaj moun ki pipòv yo nan soyete a.

Sitwayen sa yo mete yo dako ak 2 nouvèl jounen grèv sendika transpò an komen an anonse pou 2 ak 3 oktob kap vini la nan moman plizyè pati politik ak kèk palmante nan opozisyon an reyafime volonte yo pou rapousiv ak yon seri mobilizasyon san pran souf jiskaske yo jwenn satisfaksyon.

Konseye Palè Nasyonal Peterson Noel Benjamin, ki tap patisipe nan Dyaloge ak Etazini mèkredi pase a sou Lavwadlamerik fè konnen pifò lajan nan bidjè avan yo te konn soti aletranje. Sepandan, 93 milya goud nan bidjè 2017-2018 se finansman entèn, sètadi lajan ki soti anndan peyi a.

Konseye prezidans la, ajoute pou l di, " Se pou moun yo al gade tou nan bidjè depans lan pou wè kote gouvènman ap envesti lajan taks yo."

Mesye Noel Benjamin, di tou, "Pa gen pòt ki fèmen sou negosyasyon sou bidjè a, sepandan, revandikasyon yo pa ka fèt nan vyolans."
Konrespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel, kontriye nan redaksyon atik sa a.
XS
SM
MD
LG