Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman an Debloke 1. 2 Milyon Goud pou Fineray Aktivis Politk, Jean Pierre alias Jean Tatoun


1 milyon goud pou antèman Jean Tatoun
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:18 0:00

1 milyon goud pou antèman Jean Tatoun

Antèman Jean Tatoun ap chante nan katedral Gonayiv samdi 30 septanm 2017 kap vini la dapre konfimasyon delege Depatman Latibonit la, Herby Dalencourt .

Delege a ki deja remèt mwatye nan lajan sa a ak fanmi Jean Tatoun toutfwa pa an mezi pou di si gen otorite nan gouvenman an kap asiste fineray la.

Leta ayisyen pran responsabilite pou òganize fineray ansyen lide katye Raboto ; asepandan, yon pitit defen an, Dieulifaite Jean Pierre, di li kwè pou sevis papal te rann peyi a nan batay kont diktati Jean Claude Duvalier a nan lane 86 ak kont ansyen rejim lavalas la en 2004, otorite yo ta dwe asiste fanmi an menn apre fineray la.

Jean Tatoun ki mouri nan dat 14 septanm pase a kite deye 24 pitit li te genyen ak anviwon yon kenzenn konkibin.

Klike sou videyo ki anlè tèks la pou w suiv yon repòtaj Exalus Mergenat.

XS
SM
MD
LG